Konsènan CCP

Community Care Partners (CCP), yon patenarya ant Cove ak Vinfen, se yon kolaborasyon ekip swen nan plizyè disiplin ki asosye ak MassHealth Members epi founisè swen sante yo pou pwomouvwa swen ki entegre. Kowòdonatè Swen nou yo se ekspè nan sèvis sosyal ki baze nan kominote a epi yo etabli lyezon ant Manm MassHealth yo ak swen sante primè ak swen sante konpòtmantal, pou jwe wòl ògàn sansibilizasyon kominotè klinik Founisè Swen Primè (Primary Care Provider, PCP) a.

Osijè LTSS

Care Partners nan Sèvis ak Sipò Alontèm (Long Term Services and Supports, LTSS) se yon kolaborasyon sis (6) òganizasyon kominotè ki travay tèt ansanm ak ekip swen administrasyon konplèks patnè Òganizasyon Swen Responsab (Accountable Care Organisations, ACO) nou yo pou pwomouvwa swen entegre pou Manm MassHealth yo. Kowòdonatè Swen nou yo travay tèt kole ak lòt founisè swen sante yo, etan y ap sèvi kòm ekspè nan sèvis sosyal ki baze nan kominote a epi yon lyezon nan swen primè.

Sa Nou Fè

Antanke pwogram Community Partner MassHealth finanse, nou asosye ak Manm MassHealth yo pou amelyore aksè yo genyen nan swen sante lè nou idantifye ak kowòdone anpil nan sèvis ak sipò yo bezwen yo. Nou travay ak lòt founisè swen sante epi founisè sèvis sosyal pou kowòdone epi entegre swen ki pwomouvwa sante ak byennèt ki amelyore.

Kimoun Nou Ye

Antanke ni yon Patnè Kominotè pou Swen Konpòmantal (BH CP) ak ni yon Patnè Kominotè pou Sèvis ak Sipò Alontèm (LTSS CP), nou reprezante yon kolaborasyon ant sis (6) òganizasyaon kominotè ki la lontan — Bay Cove, Boston Senior Home Care, Justice Resource Institute, Mystic Valley Elder Services, Somerville Cambridge Elder Services, ak Vinfen. Ekip swen nan plizyè disiplin nou yo gen ladan Asistant Sosyal ki gen Lisans, Ajan Sante Kominotè, Enfimyè Otorize (RN) ak Antrenè pou Rekiperasyon.

Ki Kote Nou Ye

LTSS CP nou an bay Manm MassHealth yo sèvis nan zòn metwopolitèn Boston an ak nan Malden tou. BH CP nou an bay Manm MassHealth yo ki nan Lès Massachusetts soti nan Lowell ak Lawrence rive nan Fall River ak Cape Cod. Zòn sèvis trèlaj nou an pwomouvwa yon patenarya ak 14 Òganizasyon Swen Responsab (ACO) ak klinik swen primè yo.

Kimoun ki Elijib

Se direktiv elijibilite pwogram Community Partners MassHealth ki detèmine elijibilite pou CCP ak LTSS Care Partners yo. Tout manm yo dwe gen MassHealth (Medicaid) nan pwotekson asirans MassHealth epi nenpòt manm ki pa enskri nan pwogram Sèvis Klinik Kominotè pou Adilt (Adult Community Clinical Services, ACCS) nan Depatman Sante Mantal (Department of Mental Health, DMH) dwe enskri tou nan yon plan ACO Medicaid.

Konekte Avèk Nou

Èske ou ta renmen plis enfòmasyon oubyen ou gen yon kesyon espesifik ou ta renmen poze? Nou ta vreman apresye tande nouvèl ou! Ou kapab rele nou nan 617-878-2410. Ou kapab voye nou yon imèl nan info@carepartnersma.org.

CCP ak LTSS Care Partners se pa pwogram swen ijan yo ye. Tanpri ban nou twa (3) jou pou nou reponn demand ou an.

Jwenn Aksè nan Sit Konplè Nou an nan Lang ou Pito a

Pou tradwi lòt paj nan sit wèb nou an, konekte sou motè navigasyon (brawzè) ou pito a anba la a pou w ka jwenn sèvis tradiksyon.

Chrome

https://support.google.com/chrome/answer/173424

Edge

https://support.microsoft.com/en-us/microsoft-edge/use-microsoft-edge-in-another-language-4da8b5e0-11ce-7ea4-81d7-4e332eec551f

Firefox

https://support.mozilla.org/en-US/kb/use-firefox-another-language

Safari

https://support.apple.com/guide/safari/translate-a-webpage-beta-ibrw646b2ca2/mac